fbpx

KatMobil

Pou’w ka peye sou entenet JODIA, chwazi KatMobil !

Achte atik ou bezwen sou entenet

Aktive kont Amazon ak lot kont ou genyen, pouw achte sou entenet

Peye yon sevis, yon download, yon mizik ak lot bagay

CHWAZI KAT OU VLE A,

selon kòb ou vle mete sou li a

Lè’w fin chwazi kat ou vle a, mete montan ou vle mete sou li a. Wap ka peye nan biwo nou CASH, fè depo nan BANK, oswa pa MonCash. Yon ajan ap kontaktew lè kòmand ou an rive

KatMobil BLUE

Chwazi kat sa siw vle mete $1 a $50 USD sou kat la pouw sevi. Frè a se $10 USD

KatMobil SILVER

Chwazi kat sa siw vle mete $51 a $100 USD sou kat la pouw sevi. Frè a se $15 USD

KatMobil GOLD

Chwazi kat sa siw vle mete $101 a $500 USD sou kat la pouw sevi. Frè a se $20 USD

KatMobil BLACK

Chwazi kat sa siw vle mete $501 a $1,000 USD sou kat la pouw sevi. Frè a se $25 USD

Quelle Carte Souhaitez Vous?

Quelle Carte Souhaitez Vous?

Repons a kèk kesyon

Ki kote ou ka itilize KatMobil ?

KatMobil, lè li gen kòb sou li, ou ka sèvi ak li sou tout sit entènèt ki aksepte kat VISA kòm fòm de peman. Ou ka sevi ak KatMobil pou’w achte atik fizik ( ex: rad, soulye ak tout lot bagay ou ka manyen), ak achte yon sèvis sou entènèt (ex: abònman, mizik, program enfòmatik …)

Enfòmasyon KatMobil ou anrejistre pou li a, wap resevwa li sou email ou oswa sou Whatsapp (selon saw chwazi a). Se pa yon kat fizik an plastik li ye.

Eske KatMobil vini ak yon adrès a letranje ?

KatMobil ou a vini ak yon adrès Faktirasyon ak yon adrès Livrezon ETAZINI.

Ou ka sevi ak adrès livrezon ETAZINI (Shipping address) ou an pou’w fè livre kòmand wap plase sou entènèt. Ou ka sèvi ak adrès Faktirasyon (Billing address) ou an pou’w mete sou tout sa wap peye ak Kat la. 

Eske gen frè pou’w sèvi ak KatMobil ?

Lè ou fèk aplike pou KatMobil ou gen yon frè inisyal ou peye, selon modèl kat ou vle a (li komanse a $10). Frè anrejistreman inkli frè premye rechaj la.

Tout lot rechaj wap fè pou’w mete kòb an plis sou kat la, wap peye yon frè $5 , an plis de kòb wap mete a.

Si ou te anrejistre pou yon modèl Kat, ou vle pase a yon lot modèl ki pran plis kòb, wap peye yon frè chanjman $5

Konbyen tan li pran pou’w ka sèvi ak KatMobil ?

Lè ou fèk anrejistre nan KatMobil, ou resevwa Kat ou a nan email ou , oswa sou Whatsapp apre 24 a 72 zè de tan. Ou ka kòmanse sèvi ak Kat la lè ou resevwa li.

Lè kòb ki sou li a epuize, transaksyon yo ap echwe, yo pap pase. Nou rekòmande pou’w toujou make balans kat ou a yon kote, pouw suiv li. Si kat la echwe twòp, gen anpil chans pou kont ou bloke. Lè’w bezwen mete kòb sou kat ou, wap kontakte KatMobil

Koman mwen ka mete kòb sou KatMobil ?

Ke se premye anrejistreman, ke se yon rechaj wap fè, ou ka vini nan biwo KatMobil ak kòb CASH; ou ka fè tranzaksyon an ak MonCash; ou ka fe depo labank

Nan kisa sèvis kliyan KatMobil la ka ede’w ?

Ou ka kontakte sèvis kliyan Katmobil la si’w bezwen konnen balans disponib sou Kat ou; Si’w bezwen verifye yon tranzaksyon ke ou peye ak Kat la; Siw poko resevwa KatMobil ou a.

Eske gen sit entèdi oswa atik entèdi ak KatMobil?

Sit entènet ki fè pwomosyon oswa vann atik ilegal ak pònografik pa aksepte. Ak KatMobil ou paka achte yon lot Kat, ou paka peye pou jwèt aza ak cazino. Kontakte nou si’w gen yon dout sou yon sit oswa yon atik ou ta renmen nou verifye pou ou avan ou achte Ak KatMobil

Eske se biro KatMobil kap fe pèman ak acha yo?

KatMobil se yon kat pèsonèl a chak kliyan. Osito KatMobil la emèt ak enfomasyon kliyan an, biwo KatMobil la pa gen aksè pou sèvi avèl. Biwo KatMobil la pa ede kliyan fè kòmand, ni ede kliyan fè rechèch.

Atansyon !

Enfòmasyon KatMobil ou resevwa sou Email ou oswa sou Whatsapp ou konfidansyel. Si pa neglijans yon lòt moun jwenn enfòmasyon kat la, li sèvi ak li, KatMobil pa responsab. Nou ankouraje’w kenbe enfòmasyon Kat ou a sekrè.

Pa gen ranbousman pou okenn rezon.

Kòman pou’w kontakte KatMobil?

KatMobil disponib pou resevwa’w nan 8, Rue Georges Sylvain Delmas 29. Nan telefòn sou 29.41.47.47 ak 47.57.57.57. Pa email : katmobil@belayiti.com

Select your currency
HTG Haitian gourde